Règ ak
Kondisyon
Li dokiman sa a anvan ou itilize WOODFLIX-TOPUP. Li pwoteje tou de — ou menm ak nou menm.
Lè ou itilize WOODFLIX-TOPUP, sa vle di ou dakò ak tout kondisyon ki nan paj sa a. Si ou pa dakò, tanpri pa itilize sèvis nou an.
Pou itilize kèk sèvis, ou dwe kreye yon kont. Ou dwe bay enfòmasyon ki vrè, konplè, e aktyèl.
WOODFLIX-TOPUP ka sispann oswa efase tout kont ki gen fo enfòmasyon.
Nou rezève dwa pou nou fèmen yon kont si gen :
- ✗ Fwod oswa tantativ fwod
- ✗ Move itilizasyon platfòm nan
- ✗ Non-respè kondisyon yo
Sèvis WOODFLIX-TOPUP pa fèt pou timoun ki gen mwens pase 13 an.
Se ou menm ki responsab pou sèvegade modpas ou ak tout aktivite ki fèt sou kont ou.
Si yon moun antre nan kont ou akoz neglijans ou, WOODFLIX-TOPUP pa responsab pou sa.
Pa janm pataje modpas ou ak pyès moun. Chanje l regilyèman pou pwoteje kont ou.
- ✓ Jere kont ou
- ✓ Asire sekirite sistèm nan
- ✓ Bay sèvis kliyan
Nou pa janm vann ni bay done ou yo bay pyès twazyèm pati.
Nou vann kòd PIN, kat nimerik, rechajman, ak sèvis jwèt. Tout pri yo afiche an Goud Ayisyen (HTG) sèlman.
- Peman verifye otomatikman
- Livrezon imedya apre peman
- Pa gen aksyon manwèl
- Ou dwe gen ase balans
- Peman ka trete manwèlman
- Rete veye konfimasyon
Tout pwodui livré sèlman nan fòm nimerik — pa gen livrezon fizik.
Pwodui yo livré imedyatman oswa rapidman apre nou konfime peman an.
Ou dwe bay bon enfòmasyon — ID jwèt ou oswa detay kont — pou livrezon ka fèt kòrèkteman.
Si ou ba nou fo enfòmasyon epi pwodui a mal livré, WOODFLIX-TOPUP pa responsab pou sa.
Nenpòt tantativ fwod oswa manipilasyon sistèm nan ap koze :
- ! Blokaj kont ou imedyatman
- ! Yon verifikasyon siplemantè obligatwa
Si ou vle debloke kont ou, yon penalite 30% sou balans kont ou ka apliké.
Akoz nati nimerik pwodui yo, pa gen ranbousman ni retou apre livrezon.
Si ou gen yon vrè pwoblèm teknik, kontakte sipò nou nan mwens pase 24 èdtan apre achte a.
Tout konfli pral rezoud konfòmeman ak lwa Ayiti, ak yon antant alèmiab an premye.
WOODFLIX-TOPUP ka chanje kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Nouvo kondisyon yo apliké pou tout komand apre yo pibliye.
Bezwen Èd?
Ekip sipò nou disponib pou reponn tout kesyon ou yo.
