Konekte pou kontinye

Kontinye ak Google
oswa
Ou bliye modpas ou?

Pran tan ou? Paj koneksyon an

Enskri ak Google
oswa

Conditions d’inscription et de paiement

Kondisyon Itilizasyon – WOODFLIX TOPUP
WOODFLIXTOPUP
Dokiman Ofisyèl
📋 Kondisyon Itilizasyon

Règ ak
Kondisyon

Li dokiman sa a anvan ou itilize WOODFLIX-TOPUP. Li pwoteje tou de — ou menm ak nou menm.

📅 27 Fevriye 2026
💱 HTG sèlman
🇭🇹 Lwa Ayiti
« `
ℹ️

Lè ou itilize WOODFLIX-TOPUP, sa vle di ou dakò ak tout kondisyon ki nan paj sa a. Si ou pa dakò, tanpri pa itilize sèvis nou an.

👤
Seksyon 1
Kreye yon Kont
1.1 Enskripsyon

Pou itilize kèk sèvis, ou dwe kreye yon kont. Ou dwe bay enfòmasyon ki vrè, konplè, e aktyèl.

WOODFLIX-TOPUP ka sispann oswa efase tout kont ki gen fo enfòmasyon.

1.2 Sispansyon oswa Fermeture

Nou rezève dwa pou nou fèmen yon kont si gen :

  • Fwod oswa tantativ fwod
  • Move itilizasyon platfòm nan
  • Non-respè kondisyon yo
👶

Sèvis WOODFLIX-TOPUP pa fèt pou timoun ki gen mwens pase 13 an.

🔐
Seksyon 2
Sekirite Kont Ou

Se ou menm ki responsab pou sèvegade modpas ou ak tout aktivite ki fèt sou kont ou.

Si yon moun antre nan kont ou akoz neglijans ou, WOODFLIX-TOPUP pa responsab pou sa.

⚠️

Pa janm pataje modpas ou ak pyès moun. Chanje l regilyèman pou pwoteje kont ou.

🛡️
Seksyon 3
Pwoteksyon Done Pèsonèl
Enfòmasyon nou kolekte
👤 Non 📧 Imèl 📱 Telefòn 🌐 Adrès IP
Nou itilize yo pou
  • Jere kont ou
  • Asire sekirite sistèm nan
  • Bay sèvis kliyan
🔒

Nou pa janm vann ni bay done ou yo bay pyès twazyèm pati.

💳
Seksyon 4
Peman ak Komand
4.1 Pwodui ak Pri

Nou vann kòd PIN, kat nimerik, rechajman, ak sèvis jwèt. Tout pri yo afiche an Goud Ayisyen (HTG) sèlman.

4.2 Metòd Peman
MonCash
  • Peman verifye otomatikman
  • Livrezon imedya apre peman
  • Pa gen aksyon manwèl
NatCash
  • Ou dwe gen ase balans
  • Peman ka trete manwèlman
  • Rete veye konfimasyon
📦

Tout pwodui livré sèlman nan fòm nimerik — pa gen livrezon fizik.

📦
Seksyon 5
Livrezon

Pwodui yo livré imedyatman oswa rapidman apre nou konfime peman an.

Ou dwe bay bon enfòmasyon — ID jwèt ou oswa detay kont — pou livrezon ka fèt kòrèkteman.

⚠️

Si ou ba nou fo enfòmasyon epi pwodui a mal livré, WOODFLIX-TOPUP pa responsab pou sa.

🚫
Seksyon 6
Fwod ak Vyolasyon

Nenpòt tantativ fwod oswa manipilasyon sistèm nan ap koze :

  • ! Blokaj kont ou imedyatman
  • ! Yon verifikasyon siplemantè obligatwa
💸

Si ou vle debloke kont ou, yon penalite 30% sou balans kont ou ka apliké.

↩️
Seksyon 7
Ranbousman ak Konfli
Ranbousman
🚫

Akoz nati nimerik pwodui yo, pa gen ranbousman ni retou apre livrezon.

Si ou gen yon vrè pwoblèm teknik, kontakte sipò nou nan mwens pase 24 èdtan apre achte a.

Konfli ak Chanjman

Tout konfli pral rezoud konfòmeman ak lwa Ayiti, ak yon antant alèmiab an premye.

WOODFLIX-TOPUP ka chanje kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Nouvo kondisyon yo apliké pou tout komand apre yo pibliye.

Bezwen Èd?

Ekip sipò nou disponib pou reponn tout kesyon ou yo.

« `
WOODFLIXTOPUP
© 2026 · Tout dwa rezève · Ayiti 🇭🇹
Panier
Woodflix

GRATUIT
VOIR